Washington ap Chache Mwayen pou Refijye Ikrenyen ka Antre Ozetazini

  • Jean Lyonel Desmarattes

Ukraine Refugees

Plis refijye ikrenyen pral jwenn pèmisyon pou yo antre Ozetazini daprè yon nouvo plan administrasyon Biden nan anonse jedi 21 avril la. Jiskela, anpil ikrenyen k ap kouri pou lagè ak Larisi a e k ap eseye antre Ozetaini, pase pa fwontyè amerikano-meksiken an; sepandan nouvo plan an pral fè wout la vin difisil menm si l ap akselere pwosesis aplikasyon an.

Anviwon 3 mil 300 Ikrenyen te pase pa fwontyè a nan mwa mas la, daprè ajans nouvèl Reuters. Sèvis Imigrasyon ak Ladwann ameriken an espere resevwa anviwon 100 mil refijye ikrenyen; sou kantite sa a anviwon 15 mil deja antre nan peyi a depi lagè a te kòmanse 24 fevriye pase a.

Minis Sekirite Enteryè ameriken an, Alejandro Mayorkas, ki t ap anonse ajisteman an, deklare:

“Se avèk fyète n ap reyalize angajman Prezidan (Joe) Biden te pran pou nou resevwa Ozetazini 100 mil Ikrenyen ak lòt moun k ap kouri pou agresyon Larisi an. Pèp ikrenyen an kontinye soufri anba yon gwo trajedi pandan y ap pèdi anpil moun ak anpil bagay ki chè pou yo akoz yon atak non pwovoke e enjistifye Prezidan Larisi a lanse sou peyi yo.”

Lèzetazini fè konnen plis refijye ikrenyen vle rete pi pre peyi yo, paske yo espere retounen lakay yo yon jou.