Ikrèn: Larisi Antre Kreminna

UKRAINE-RUSSIA-CONFLICT

Dapre otorite lokal yo, twoup Ris yo te antre nan vil Kreminna a ki sitiye nan lès peyi Ikrèn, e yo te tire anpil sou vil vwazen Rubizhne.

Gouvènè Ikrenyen nan rejyon an Lugansk, Serguiï Gaïdaï te deklare sou paj Facebook li ke "Te gen yon gwo atak nan mitan lannwit lan" soti dimanch rive lendi nan vil Kreminna.

"Lame Ris la deja antre vil la, ak yon gwo kantite materyèl lagè. Militè nou yo te defann nou e yo te fè bak nan nouvo pozisyon," li te ajoute.