Pakistan Pare pou-l Vote kont Lidè Opozisyon Shehbaz Sharif kòm Mwochen Premye Minis

Pakistan's opposition leader Shehbaz Sharif speaks during a press conference in Islamabad, April 7, 2022.

Pakistan pare pou-l vote kont lidè opozisyon an Shehbaz Sharif kòm pwochen premye minis peyi a jodi lendi a, yon jou apre ke premye minis sòtan an, Imran Khan te pèdi yon vòt non-konfyans. Se sa ki desann gouvenman kowalisyon ni an ki te sou pouvwa a depi preske 4 tran.

Asanble Nasyonal la oubyen chanm bass palman an ki gen 342 manm te vote sou mosyon non konfyans la kont Khan byen bonè yè dimanch la avek 174 palmantè nan yon unite opozisyon an ki sipòte li, 2 an plis ki te nesesè pou fòse ansyen jwè krikèt la rete sou pouvwa a.

Sharif ki dirije tantativ opozisyon an pou dechouke Khan e an’apre te soumèt nominasyonn ni bay lejislati a pou eleksyon premye minis la – politisyen an ki gen 70 zan ke anpil moun atann aske li pral genyen.