Sena Ameriken an Vote pou Sispan Stati Komèsyal La Risi

Lide Majorite Sena a, Chuck Schumer, yon Demokrat ki reprezante eta Nouyok, rankontre jounalis yo apre yon rankont nan Kapitol la Madi, 5 Avril 2022.

Kongrè Ameriken an apwouve ak yon gwo maj, sispansyon relasyon komèsyal nòmal ak La Risi. Li vote pou entèdi tou enpòtasyon petwòl Ris la nan kad repons Etazini apre envazyon La Risi fè nan Ikrèn epi rapò ki di li komèt atwosite nan peyi sa a.

La Chanm pase a l'aksyon apre Sena a apwouve 2 pwoje lwa ak yon vòt 100-0.

Kounyea mezi yo pral sou biwo Prezidan Joe Biden ki va siyen yo pou fè yo tounen lwa.

Lwa sou komes la pare chimen an pou Biden mete pi gwo tarif sou kèk pwodwi La Risi enpòte.

Pwojè lwa ki entèdi lavant petwòl Ris la ta fè tounen yon lwa restriksyon Biden deja mete an plas, atravè aksyon egzekitif.