La Grès Ap Mete 12 Diplomat Ris Deyò

RUSSIA-CENBANK/FOREX

Nan yon deklarasyon Minis Afè Etranjè grèk pibliye Mèkredi li di Lagrès pral mete deyò 12 diplomat Ris.

Dapre ministè grèk la, "yo konsidere diplomat Ris yo endezirab e yo pran desisyon sila an dispozisyon ak lwa diplomatik Konvansyon Vyèn lan 1961 sou Afè Diplomatik la ak lwa Konvansyon Vyèn nan 1963 sou Afè Konsila".

Anbasad Ris la nan Atèn te reyaji sou paj Facebook li pou di " Pral gen konsekans pou Aksyon sa a" .

"Anbasadè Larisi nan Lagrès Andrei Maslov te konvoke nan Ministè Afè Etranjè grèk la kote yo te enfòme li sou desizyon Atèn pran pou deklare pèsonae non gratae 12 diplomat ki nan Anbasad la ak Konsila Jeneral nan Thessaloniki".

An total, peyi Ewòp yo mete prèske 200 diplomat Ris deyò 48 èdtan apre dekouvèt masak ki fèt nan Ikrèn ke yo sispèk ke fòs zame Larisi yo komèt.