$2.4 Milyon Pou Anpeche Afganistan Tonbe Nan Yon Dezas Imanitè

  • Serge Michel

REP-GEN AFGANISTÁN-DÍA A DÍA-FOTOS

Donatè entènasyonal yo leve pye yo jedi kote yo ofri plis pase $2.4 milyon pou anpeche Afganistan tonbe nan yon dezas imanitè, malgre yo gen pwoblèm ak gouvènman Taliban an.

"San yon aksyon touswit, nou gen devan nou yon kriz grangou ak malnitrisyon nan Afganistan," se pawòl Seketè Jeneral l-ONU Antonio Guterres nan yon konferans maraton ki te fèt sou entènèt. Li ajoute, "Moun ap vann pitit-yo ak ògàn nan kò yo pou yo ka bay fanmi yo manje. Ekonomi Afganistan an plonje plat atè."

Devan soufrans ki nan Afganistan akoz efè 2 dizèn lane lagè, yon seri gwo sechrès youn apre lòt ak COVID-19, Nasyon Zini leve vwa li pou mande $4.4 milyon pou ede 20-milyon Afgan jwenn manje, abri, swen medikal ak lòt èd esansyèl - premye fwa l-ONU lanse apèl pou mande anpil lajan konsa.

Pami gwo donatè yo gen Grand Bretay ki pwomèt 374 milyon, Etazini ki anonse preske $204 milyon nouvo asistans; Almay ki ap bay $218 milyon ak Japon ki pwomèt $109 milyon. Antou, l-ONU fè konnen se 41 donatè ki pwomèt nouvo finansman.