Slovaki Ekspilse 35 Diplomat Ris

News conference aftera a meeting of Slovakia's Defence Minister Nad and U.S. Secretary of Defence Austin, in Bratislava

Minis afè etranjè Slovaki a te anonse Mèkredi,ke yo te deside ekspilse 35 diplomat ris apre yo te resevwa enfòmasyon sèvis entèlijans yo.

Pòtpawòl pou diplomasi Slovaki a Juraj Tomaga di AFP ke yo te konvoke Anbasadè Federasyon Ris la nan Ministè Afè Etranjè a epi yo te bal li yon mesaj ki anonse "ke Repiblik Slovaki deside diminye sou kantite anplwaye ki nan anbasad Larisi a nan Bratislava yo ap ekspilse 35 moun".