American Airlines ap Koupe sou Vòl li yo

American Airlines Unions

American Airlines ap koupe ankò sou kantite vòl li yo pandan sezon ete a paske boeing pa ka fè livrezon avyon ke AA kòmande nan men l.

Administrasyon konpayi ayeryèn nan, ki t ap abòde dosye a nan wikenn nan, fè konnen li pral sispann anpil sikui entènasyonal akoz avyon li pral manke.

American Airlines te espere gen aktyèlman 13 nouvo Boeinng 787; men pwoblèm pwodiksyon Boeing ap konfwonte oblije l ranvwaye livrezon an.

Dapre AA toujou, konpayi a pral sipann sikui ant Seattle ak Lond, Los Angeles ak Sydney, epi Dallas ak Santiago, Chili.

Anfen konpayi ayeryèn nan pral ranvwaye egzekisyon plan li genyen pou l kouvri sikui Dallas ak Tel Aviv pandan grann vakans dete a.