Eta Inyon an: Se Nancy Pelosi ki Ap Ouvè Sesyon an

낸시 펠로시 미국 연방 하원의장.

Malgre pandemi KOVID-19 la, Prezidan Chanm de Reprezantan, Nancy Pelosi, anonse ke tout mnam Kongre a jwenn envitassyon pou yo asiste seyans kote Prezidan Joe Biden pral prezante pwochen mesaj li sou Eta Inyon an ki pral dewoule nan Chanm Depite a.

Pelosi fè anons la nan jounen jedi a nan moman La Mezon Blanch espere sèvi ak mesaj sa a pou fè pandemi an tounen yon istwa pase e depase pou pèp ameriken an.

Se premye fwa mesaj sou Eta Inyon an pral dewoule devan yon chanm ranpli depi pandemi an te eklate pou l te oblije otorite yo mete restriksyon sou moun k ap antre nan Kongrè a. Sepandan gen yon chans pou evennman an tounen yon lòt okazyon k ap montre piblik la gwo divizyon ki egzite ant gouvènman an ak manm Kongrè a sou kesyon KOVID-19 la.