Minis Defans Etazini Lloyd Austin Rive nan Brusèl

UKRAINE-CRISIS/NATO

Minis defans Etazini Lloyd Austin rive nan Brusèl an Bèljik kote li pral fè chita tande avek dirijan l'Otan yo e ak minis defans peyi alye yo nan moman plizyè dizèn milye solda rus ansèkle Ikrèn nan nò nan sud ak nan lès.

Pandan reyinyon sa a kap dewoule jodi mekredi a ak demen jedi a Austin avek tokay li yo pral diskite koman pou yo dekouraje Larisi pou-l pa anvayi Ikrèn pandan loksidan ap ogmante defans nan peyi ki nan pati ès alyans l-OTAN an.

"Se yon moman enpòtan pou l’Otan ki pa menm jan ak okenn lòt ke nou te janm wè anvan depi l’Otan te tabli nan lane 1949" daprè Bradley Bowman prensipal direktè sant sou pouvwa militè ak politik nan fondasyon pou defans demokrasi. Li di Lavwadlamerik se la l"Otan bezwen Etazini pou dirije l."

Austin pral vwayaje nan Poloy ak Lituani, 2 peyi manm l’Otan ki se vwazen LaRisi, ki ap suiv sa k-ap pase nan alantou Ukrèn avek yon enkyetid kap ogmante.

Yon otorite wo plase nan sektè defans la di : Nou paka pemèt yon advèsè chache retrase fwontyè yo pa lafòs san li pa fè fas ak gwo konsekans.

Pandan ke minis defans ameriken an Austin nan Poloy vandredi sa a, li pral rankontre avek prezidan Andrzej Duda anvan li al vizite solda ameriken yo. Etazuni pral genyen apepre 9 mil solda nan Poloy anvan lontan apre ke prezidan Biden nan komansman mwa sa a te bay lòd pou deplwaye apeprè 5 mil solda anplis nan peyi sa a, lè li te pale de enkyetid pou sekirite akoz mouvman Larisii sot fè yo.