Etazini ap Evakye Prèske Tout Anplwaye Anbasad li nan Ikrèn Akoz Kè Sote pou yon Envazyon Ris

Anbasad Etazini nan vil Kyèv, nan peyi Ikrèn, Samdi 12 Fevriye, 2022.

Lèzetazini ap evakye prèske tout anplwaye li yo nan ansasad li genyen nan Kyèv, nan moman ajan ransèyman l'Oksidan lanse avètisman pou di La Risi taka anvayi Ikrèn nempòt kilè.

Yon responsab wo plase nan Depatman d'Eta deklare Samdi gen yon kantite limite anplwaye ki pral rete pou kenbe kominikasyon yo ouvè ak gouvènman an, men tout operasyon konsilè yo sispann.

Responsab la pa di konbyen moun egzakteman Etazini pral kenbe nan peyi a men nan mwad Desanm nan te gen 180 Ameriken ki tap travay nan anbasad la.

Responsab le di yo pran etap sa a akoz potansyèl pou atak fewòs Ris sou Kyèv si li deside anvayi peyi sa a. Yo repete ankò avètisman dèske tout senp sitwayen Ameriken ta dwe kite Ikrèn rapido presto.