Depi 1986, Ayiti pa Janm pase on 7 Fevriye san pa Genyen yon Prezidan Eli

  • Jean Robert Phillipe

HAITI-POLITICS/

Depi 1986, Ayiti pa janm pase on 7 Fevriye san pa genyen yon prezidan eli ou byen yon pasasyon pouvwa.

7 Fevriye 2022 rive e olye pou yon prezidan prete sèman e pwononse yon diskou devan asanble nasyonal la, peyi a plonje nan yon ensètitid ak anpil dout sou ki jou kriz la ap fini. Te gen anpil dout pou pat genyen yon leve kanpe popilè pou fòse premye minis Ariel Henry renmèt pouvwa a bay yon lòt antite ki kapab opozisyon an ou byen yon manm aparèy jidisyè a ou asanble nasyonal la.

Reyalite a, 7 fevriye 2022 koenside ak fen manda defen prezidan Jovenel Moise ke yon nouvo prezidan t ap ranplase si te genyen eleksyon. Yon tyè sena a pibliye yon nòt kote otorize doktè Ariel Henry egzekite “Les affaires courantes" ann atandan genyen yon solisyon definitif.

Pou ki rezon dat 7 fevriye a enpòtan nan lavi politik peyi a?

Repons la egziste depi 7 fevriye 1986, dat yon leve kanpe popilè te voye ann egzil Jean Claude Duvalier apre 15an li te pase ap dirije peyi a. 7 fevriye 1986 se te fen 29an rejim duvalier ki te kòmanse an 1957. Asanble konstityant ki te redije konstitisyon 1987 la nan atik 134-1 deklare prezidan an genyen yon manda 5an k ap kòmanse e fini 7 fevriye ane apre eleksyon jeneral la.

Depi lè sa, 7 feviye vinn genyen yon siyifikasyon politik men pa sosyal. Pa gen gwo evènman sosyal chak ane pou make jou sa a kòm yon fèt nasyonal eksepte pou selebre ane prezidan an te prete sèman.

Jean Bertrand Aristide se te premye prezidan eli demokratikman ki te prete sèman 7 fevriye 1991 e an 2001. Answit Rene Preval an 1995 e 2006. 7 fevriye konsidere kòm yon dat istorik e politik olye de yon evenman sosyal. Yon lòt aspè pozitif 7 feviye a pote ak li se libète lapawòl.

7 fevriye te konnen kèk moman entèripsyon. Militè yo te voye Aristide ann egzil apre yon kou deta 30 septanm 1991- 7 mwa apre li te monte sou pouvwa a.. ann 2004, yon leve kanpe ame te voye Jean Bertrand Aristide ann egzil, te gen lòt dirijan ki pat prete sèman 7 fevriye tankou Michel Martelly, Boniface Alexandre, mèt Nerette ak Jocelerme Privert.

7 fevriye 2022 pap genyen yon nou prezidan e pa gen garanti ap gen yon lidè 7 fevriye 2023.