Rihanna Ansent pou Rapper A$AP Rocky

Foto Achiv: Atis rap Ameriken A$AP Rocky ak chantez epi modis Rihanna ki se moun Barbad.

NEW YORK - Chantèz Rihanna te pwomenen nan Nouyòk pandan wikenn nèj la ak rapè A$AP Rocky pou montre li ansent ak premye pitit li.

Malgre gwo fredi a, chantez mizik popilè "Diamonds" la ki gen 33 zan, te montre vant li. Li te gen sou li yon manto long woz ak pantalon djins sou li. Mennaj li, te souriyan pandan yo tap mache nan Harlem, ki se katye kote A$AP abite.

Nan yon foto ki pibliye, nou ka wè koup la ap kenbe men epi yap souri pandan youn ap gade lot la epi misye bo fwon chantez la.

Rihanna te gen yon kolye long ak bijou ki te kouvri yon pati vant la.

A$AP poko gen okenn pitit non plis.