OEA Aksepte Voye yon Misyon Ayiti Pa Pita Ke Mitan Mwa Jen

Sekretè Jeneral OEA Luis Almagro

òganizasyon Eta Ameriken yo (OEA) dakò Mèkredi 26 me a pou l voye ann Ayiti yon misyon k ap gen senk manm pa pi ta ke mitan mwa jen an pou fasilite yon dyalòg ki pou debouche sou eleksyon Prezidansyèl ak Lejislativ lib e san pati-pri.

Misyon OEA a ap pase twa jou nan Pòtoprens e sa pral koute apeprè 24 mil dola ameriken. Etazini dakò pou l kouvri pifò depans misyon an. Pami manm delegasyon an, genyen reprezantan senk eta manm OEA: Kanada, Costa Rica, Ekwatè, Sen Vensan ak Grenadin yo avèk Etazini.

Misyon an ap genyen pou l prezante yon rapò ak konklizyon li yo ansanm ak rekòmandasyon nan anviwon de semèn aprè delegasyon an retounen Etazini.