Ayiti : Chèf Polis Nasyonal Michel-Ange Gedeon ap Fè yon virewon nan Divès Enstitisyon Polisyè Peyi Dayiti

Direktè Jenral Polis Nasyonal Ayiti a, DGPNH,Michel-Ange Gédéon. Foto: Twitter DG-PNH

Direktè Polis Nasyonal la Michel-Ange Gedeon kòmanse yon toune nan diferan depatman peyi a pou l rankontre diferan initenstitisyon polisye a. Direktè Gedeon kòmanse vizit li a nan Depatman Sid peyi a kote li denonse kantite za m k ap sikile nan peyi a ilegalman. Vizit sa a ap fèt nan peyi a.


Anbasad ameriken ann Ayiti òganize yon rankont nan Pòtoprens ak yon seri òganizasyon feminis pou pale de patisipasyon meda m yo nan politik. Chèf misyon diplomatik adjwen anbasad ameriken nan Pòtoprens, ki te pran lapawòl an prezans envite yo, pale de nesesite pou meda m yo travay ansanm pou simonte obstak ki devan yo.


Depite Lavalas Printemps Belizaire pat kapab reponn envitasyon jij Jean Wilner Morin pou l te vinn reponn kesyon kòm temwen nan dosye disparisyon jounalis-fotograf Vladimir Legagneur. Depite a, ki anba yon seri lòt akizasyon, di jij la rezon absans li a se akoz li trouve l an vwayaj ofisyèl Okanada. Men l ap disponib apre vwayaj la.