George H.W. Bush, 41èm Prezidan Ameriken, Mouri nan Tegzas. Li te Gen 94 Zan

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

George H.W. Bush, 41èm Prezidan ameriken ki te sou pouwa a ant 1989 e 1993.

Ansyen prezidan ameriken, George H.W. Bush, pral resevwa onè li merite aprè lanmò li nan eta natal li, Eta Tegzas, byen ta vandredi 30 novanm 2018 la. Li te genyen 94 zan. A pati de sware lendi 3 desanm nan, kadav li pral ekspoze nan Kapitòl la, swa lokal Kongrè ameriken an nan Washington, kote Ameriken yo pral rann dènye omaj yo pou 41èm prezidan Lèzetazini an. Kapitòl la pral rete ouvè jous mèkredi 6 desanm nan pou diyitè, vizitè ak piblik la an jeneral defile devan sèkèy la pou yo prezante respè yo bay lidè desede a.

George H. W. Bush, ki te pase yon sèl manda nan La Mezon Blanch ant 1989 e 1993, pral genyen yon antèman ofisyèl d Eta mèkredi nan Katedral Nasyonal Washington nan, epi yo va antere kadav la jedi nan libreri prezidansyèl li a nan Tegzas. Samdi premye desanm nan La Mezon Blanch te anonse Prezidan Donald Trump pral asiste seremoni antèman an. Misye Trump pibliye yon twit kote li ekri:

Estati ansyen Prezidan George H.W. Bush, anba lavil Houston, nan Eta Tegzas.

“Prezidan George H.B. te genyen yon vi ki long, ki te plen siksè e ki te bèl. Chak fwa mwen te avèk li, mwen te konstate nan li yon kontantman total pou lavi ak yon fyète veritab nan fanmi li. Reyalizasyon li yo se gwo akonplisman depi kòmansman jiska la fen. An vete, sete yon nonm mèveye e nou tout pral sonje li.” https://twitter.com/realDonaldTrump/status/1068826073775964160.

Nan jounen dimanch la, James Baker, ki se ansyen Sekretè Deta ameriken sou gouvènman Bush la e ki te yon zanmi defen prezidan an pandan 60 lane, bay CNN yon entèvyou kote li deklare li konsidere “Bush kòm moun ki pi janti e pi emab mwen konnen nan tout vi mwen.”

Daprè Misye Baker, dènye mo ki te sòti nan bouch Prezidan George H.W. Bush, se "I love yo, too", oubyen "mwen renmen w tou..." Li te pwononse pawòl sa yo pandan li t ap pale avèk pititgason li, George W. Bush, ki se 43èm prezidan Lèzetazini.