Komisyon Jidisyè Nan Sena Etazini gen Pou Deside sou Avni Brett Kavanaugh Nan Dat 28 Septanm 2018

Jij Brett Kavanaugh Pandan Seyans Depozisyon nan Komisyon Jidisyè Sena Etazini nan dat 27 septanm 2018. AP/Saul Loeb.

Komisyom juridik nan sena Etazuni-an ap pare pou l vote nan dat 28 septanm 2018 pou detèmine si wi ou non li pral rekòmande Brett Kavanaugh kòm jiris nan kou siprèm nan , swa yon jou apre enstans senatoryal ameriken an te finn pase plizyè èdtan ap tande depozisyon jij Kavanaugh ak akizastris li a, doktè Christine Blasey Ford. Doktè Ford akize jij Kavanaigh deske li te komèt vwadfè seksyèl kont li pandan li te adokesan toujou an 1982. Dapre kandida kou suprèm-nan, akizasyon sa yo detwi repitasyon fanmi li.

" Sa wap di la-a, daore sa'm konprann eske akizasyon doktè Ford, Miss Ramirez ak Miss Swetnik pa chita sou anyen, oui se sa mwen ap di ak tout fòs mwen kesyon Swetnickla , se yon vye blag, se yon plezantri move gou."

Nan depozisyon Doktè Christine Blasey Ford bay kont mesye Kavanaugh a, li di pa gen okenn dout, nèg ki te bloke m sou kabann nan, e ki tap eseye wetire rad mwen ,epi mete men sou bouch mwen pou anpeche m rele osekou, se Kavanaugh li te ye :

" Vwadfè seksyèl Brett te fè sou mwen-an chanje lavim konplètman pandan lontan, mwen te gen twòp lawonte ak laperèz pou revele detay sa yo bay moun."

Bò kote pa l , senatè repibliken Lindsay Graham te lanse yon pledwaye ki pa rete ak pledwaye anfavè kandida kou siprèm-nan.

" Sa nou vle la-a, se detw lavi nèg sa-a, yon fason pou kilte plass kou suprèm-nan ouvè nan espwa pou demokrat ta ranporte laviktwa an 2020. Se nou kite di sa, se pa mwen, se pi move charad kote règ etik yo pa respekte depi mwen antre nan politik".

Prezidan Donald Trump te nonmen Brett Kavanaugh pou ranplase Anthony Kennedy kap pran retrèt li nan kòmansman mwa oktob kap vinn la-a.