2èm Mesaj Prezidan Donald Trump nan Sesyon Odinè Asanble Jeneral Nasyon Zini - Previzyon

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Yon koutje sou Asanble Jeneral Oganizasyon Nasyon Zini an nan New York - Sesyon ane 2017

Prezidan ameriken an, Donald Trump, pral patisipe nan ouvètu sesyon anyèl Asanble Jeneral Oganizasyon Nasyon Zini an semèn pwochèn nan nan New York ansanm avèk plizyè lot lidè mondyal.

Sou ajanda sesyon ane 2018 la genyen divès tèm, sòti nan lagè pou rive nan lit kont chanjman klimatik yo, an pasan antwòt pa dizèt avèk maladi nan divès rejyon sou latè. Sepandan lidè ameriken an byen plase pou l domine aktyalite a akoz sitou sa li gen pou l di konsènan denikleyarizasyon Preskil Kore a avèk kèt lòt sijè ki enpotan pou lemond jounen Jodi a.

An fèt, obsèvatè yo pa bliye jan lidè amerken an te frape imijinasyon moun nan Nason Zini nan okazyon premye mesaj li devan Asanble Jeneral la. Prezidan Trump te declare -antwòt:

“Lèzetazini genyen anpil puisans ak pasyans; sepandan si li oblije defann tèt li ak alye li yo, nou pa p gen okenn lòt chwa ke detrui Kore di Nò nèt-nèt. Nèg ki renmen zam nikleyè a (Kim Jong Un) antreprann yon misyon k ap fatal pou li ak tout rejim li a.”

Prezidan Donald Trump ki t ap pran lapawòl pou la premyè fwa devan Asanble Jeneral Nasyon Sini an nan New York - 19 septanm 2017

Misye Trump te etone lidè mondyal yo ki abitye sèvi ak diplomasi lè y ap pale e anpil obsèvatè ap poze kesyon pou yo mande kisa prezidan ameriken an pral fè pou l repete menm pèfòmans la. Youn nan obsèvatè sa yo se Richard Gowan, k ap anseye nan Sant Inivèsitè Nasyon Zini pou Rechèck Politik. Pwofesè Gowan di:

“Se te yon bèl prezantasyon pou televizyon. Sete yon bèl pwogram pou chèn televizyon yo Ozetazini. Fwa sa a Trump pa la pou l chache chame lòt lidè; li la pou l enspire kèk bèl gran tit avèk kèk deklarasyon byen solid e byen djanm just anvan dewoulman eleksyon mi-manda yo Ozetazini. Kidonk, pral gen dife nan mesaj li a e pral genyen tanpèt.”

Ane sa a se Lèzetazini ki okipe prezidans altènatif Konsèy Sekirite l’ONU an; e nan jounen mèkredi 26 septanm nan Prezidan Donald Trump pral preside yon seyans k ap santre sou non-pwoliferasyon. Obsèvatè yo prevwa li pral pwofite pou l pale de wòl Iran jwe nan domèn sa a. An tou ka se sa chèf misyon diplomatik Lèzetazini nan l’ONU an, Nikki Haley, fè moun konprann avèk deklarasyon sa a:

“Iran kontinye reprezante yon pwoblèm. Tout kote ki gen pwoblèm, ki gen danje nan lemond, sanble nou jwenn dwèt Iran tranpe nan pwoblèm sa yo.”

Tandiske Kore di Nò ak Iran byen kapab domine gran tit yo, Asanble Jeneral Nasyon Zini an ane sa a gen anpil travay pou l fè tou sou divès lòt domèn, tankou konfli nan Mwayen Oryan an ak ann Afrik, rechofman global la avèk devlopman nan lemond.