Gwatemala-Demokrasi: Yon Tribinal Rejte Desizyon Gouvènman an Pran pou l Entèdi yon Komisyon Anti-Koripsyon Opere nan Peyi a

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Manitestasyon kont Prezidan gwatemaltèk la, Jimmy Morales akoz desizyon li pran pou l pa renouvle manda Komisyon Entènasyonal Kont Enpinite nan Gwatemala (CICIG). (Foto: Vil Guatemala, premye septanm 2018).

Nan Gwatemala, tribinal konstitisyonèl la deside ke prezidan peyi a, Jimmy Morales, dwe kite Ivan Velasquez, direktè komisyon anti-koripsyon an ki gen apui Nasyon Zini, retounen nan peyi a. Byen ta nan jounen lendi 17 septanm 2018 la, tribinal la pran desizyon anfavè direktè komisyon an ki rele Komisyon Entènasyonal Kont Enpinite nan Gwatemala (abreje espayòl CICIG).

Prezidan Morales resevwa gwo kritik nan men kominote entènasyonal la lè li te anonse, pi bonè nan mwa septanm nan, li ta pral fèmen komisyon an epi anpeche Misye Velaquez antre nan peyi a.

Ivan Velasquez te mennen kèk ankèt sou kèk pèsonalite wo-plase, pami yo genyen youn sou prezidan an ki poko abouti. Daprè yon deklarasyon prezidan an fè, Velasquez se "yon moun ki te atake lòd ak sekirite piblik nan peyi a."