Ayiti-Antre Lekòl la Pa Lwen: Depatman Edikasyon Nasyonal Pare pou Amelyore Pwosesis la

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Yon elèv lekòl k ap fè devwa li.

Nan Peyi d Ayiti, nan moman rete anviwon yon semèn pou lekòl ouvè, Depatman Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl pran dispozisyon pou li mete piblik la okouran de estrateji l ap anplwaye pou pwosesis la byen pase. Se konsa, nan jounen jedi 23 out 2018 la, Minis Pierre Josué Agénor Cadet fè devan laprès yon prezantasyon sou efò k ap fèt pou, antwòt, takle plizyè pwoblèm ki afekte bon fonksyonnman sistèm edikatif la.

Daprè Minis Agénor Cadet, efò ki sou pye yo vize solisyon plizyè enkonvenyan an menm tan. Pa egzanp, bon jesyon lit kont koripsyon an, pèman lajan depatman an poko peye pwofesè PSUGO yo, kout-men pou lekòl kominal yo, asistans ekonomik pou elèv yo achte liv epi peye pou klas yo, apui pou lekòl pwotestan yo, kreyasyon 50 sant pre-eskolè nan zòn defavorize yo, distribisyon liv lekòl gratis ti cheri.

Liv, kaye, kreyon ak plim se zouti elèv ak etidyan

Jounalis Cluford Dubois ki siyen yon repòtaj nan jounal Le National sou prezantasyon minis Agénor Cadet a, fè konnen pri liv yo ogmante ane sa a, e se yon bagay moun kapab konstate. Se konsa, pou redui pri yo, Depatman Edikasyon Nasyonal gen plan pou l distribye plis pase 500 mil liv e ministè a pare pou l finanse 70% kòb liv sa yo pral koute. Pou ede moun konprann kisa sibvansyon sa a vle di, Mesye Agénor Cadet te bay yon egzanp kote li di: ”Si yon liv ta koute 100 goud, elèv la pral peye 30 goud sèlman.” Nan kout kat sa a, otorite ki responsab edikasyon nan peyi a pral mete yon afè de yon milyon 837 mil 946 liv a la dispozisyon elèv ki frekante lekòl piblik yo.

Pou sa ki gen rapò ak pwogram PSUGO a, Depatman Edikasyon bay lekòl ki fè pati pwogram sa a garanti li pral pote yon solisyon pou pwoblèm ki mete pwofesè patisipan yo dozado ak ministè a. An fèt, nan prezantasyon Minis Agénor Cadet fè a, li anonse otorite yo pral dekese jiska “985 milyon 975 mil 200 goud pou peye pwofesè ki te ofri sèvis yo pandan ane skolè 2017-2018 la." Sou yon lòt chapit ki konsène anseyan yo, responsab Depatman Edikasyon yo fè konnen yo voye lèt nominasyon bay 5 mil pwofesè ki te nan kondisyon ki pa t fin twò kòdyòm e anpil nan yo deja resevwa chèk yo.

Jounalis Cluford Dubois fini ak yon rapèl kote li fè konnen "otorite MNFP yo pral pran tout dispozisyon ki nesesè pou yo konbat koripsyon epi amelyore kalite edikasyon an nan Peyi d Ayiti."