Prezidan Donald Trump Santi li Tris pou Kondanasyon Ansyen Direktè Kanpay Li Paul Manafort Anba Akizasyon Fwod Taks e Fwod Bankè

Foto de Goch a Dwat Anyen Direktè Kanpay Donald Trump Paul Manafort ak Michaee; Cohen Ansyen Avoka Prezidan Ameriken an

Prezidan Donald Trump bay tout moun yon kou sipriz yè madi a poutèt li pat di ni krik ni krak sou vèdik ansyen direktè kanpay li Paul Manafort lajistis kondane pou fwod bankè ak evazyon taks, kèk èdtan anvan li te pran lapawòl nan yon rasanbleman popilè nan nan Eta Virjini.

Mesye Trump pat mansyone nonplis tou ansyen avoka li Michael Cohen ki plede koupab nan yon tribinal nan New York anba akizasyon federal, kote li admèt li te peye kout lajan anba tab sou lòd yon kandida pou yon pòs federal. Charles Schummer se lidè minorite demokrat nan sena:

" Dapre sam konprann, prezidan-an sou wout pou'l ale nan yon rasanbleman popilè, li tap pi bon pou li si'l pa pale sou lide pou padon Michael Cohen oubyen Paul Manafort aswè-a oubyen nenpòt kilè nan lavni."

Pèsonn pa konnen aklè si prezidan Trump bezwen konsèy nan men senatè Schumer, men nan meeting de mass Virjini an, li te kritike yon lòt fwa ankò prensipal medya ameriken yo ak komisè espesyal Robert Mueller kap chache konnen si wi ou non ekip li a te nan konfyolo ak Larisi nan kad eleksyon prezidansyèl 2016 la isit Ozetazuni.

" Prezidan Trump di la-a : Ant nouvèl nan fo mamitt ak chass-o-sòsyè Larusi-a , nou genyen yon gwo melanj. Kote konfyolo-a ye la-a menm? Ou konn yon bagay, yo toujou ap chache mank-e-melanj, Se pou yo jwenn zak konfyolo a."

Anvan lidè ameriken an te rive nan rasanbleman popilè a, li te rezime pwoblèm legal ansyen akolit li yo konsa:

" Se byen dilere, kè m fè m mal pou yo tou lè 2. mwen dwe di nou Paul Manafort , se yon bon nèg. Li te travay ak prezidan Reagan epi ak diferan lòt kalite pèsonalite politik, mwen santi m tris pou sak pase a, sa pa gen anyen pou wè avèk mwen."

Nan deklarasyon mesye Cohen te fè nan tribinal New York yè madi a. li di desizyon pou vyole lwa sou finansman kanpay-la Ozetazini an, se yon desizyon li te pran sou lòd kandida Donald Trump