Rebèl Nan Afganistan lanse Plizyè Kout Wokèt sou Yon Katye Diplomatik Nan Kaboul

Prezidan Peyi Afganistan, Ashraf Ghani REUTERS/ Mohammad Ismail.

La polis nan Afganistan fè konnen plizyè wokèt tonbe nan katye diplomatik kapital-la, Kaboul, jodi madi a nan moman prezidan Ahsraf Ghani tap pwononse yon diskou nan okazyon selebrasyon fèt muzulman Eid la. Responsab la polis di bandi lanse tout yon seri wokèt kal tonbe tou pre palè prezidansyèl ak lokal anbasad yo. Ashraf Ghani se Prezidan Afganistan :

"Prezidan afgan-an di la-a : Si rebèl yo panse atak ak wokèt pral nasyon-an rann tèt lli, yo twompe yo anpil. Se yon nasyon ki brav ki gen jèvrinn ki pare pou defann endepandans li onè li ak tradisyon islamik-la"

Dimanch pase, lidè Afganistan an te anonse yon seselfe 3 mwa ak taliban yo, akons=disyon rebèl yo aksepte pou aji menm-man parèyman.