Potpawol Lamezon Blanch Sarah Huckabee Sanders Eseye Eksplke yon repons Negatif Prezidan Trump Bay sou Dosye Atak Sibènetik Larisi .

Potpawol Lamezon Blanch Sarah Huckabee Sanders Kap pale ak yon Jounalis nan dat 18 Jiyè 2018 isit Washington .

Genyen yon gwo konfizyon nan lamezon blanch pou detèmine si wi ou non prezidan Donald Trump te kontredi yon lòt fwa ankò konklizyon sevis ransèyman ameriken yo tire sou enjerans Larusi nan eleksyon amerikèn 2016 la. Pandan yon konsèy ministeryèl merkredi 18 Jiyè 2018 la , mesye Trump te souke tèt li pou l di mèsi bokou, non, lè yon jounalis te mande l si Larusi kontinye reprezante yon menas pou Etazuni. Kèk èdtan apre sa, potpawòl administrasyon an, Sarah Huckabee Sanders, te eseye eksplike kisa lidè ameriken an te vle di an reyalite lè li te di reponn non sou kesyon menas Moskou a. Li di mesye Trump te vle di non, mwen pap reponn okenn kesyon ankò , e nonpa yon repons negatif sou kesyon-an. Lè jounalis te fè presyon sou madam Sanders , li di prezidan an kwè Gouvènman ris la pral sible eleksyon Etazini an , e ke se entèprete map entèprete sa mesye Trump te di , e nonpa chanje repons li te bay la.