Lachin di li pa pral Bat Ba Devan Menas ak Chantaj komèsyak Etazini yo

Potpawol Ministè Komès Lachinn nan Gao Feng. Reuters / Thomas Peter

Lavèy jou Etazini ap pare pou enpoze yon ogmantasyon tarif sou Lachin, yon pòtpawòl gouvènman chinwa a di jedi 5 jiyè a Peken pa pral bat ba devan menas ak chantaj. Administrasyon Prezidan Donald Trump la sou wout pou l enpoze yon ogmantasyon tarif 34 milya dola sou enpòtasyon pwodui chinwa apati vandredi 6 Jiyè a nan kad mezantant ki egziste ant 2 peyi yo konsènan politik teknoloji. Pòtpawòl mmistè komès chinwa di jodi a.

" Kalite entimidasyon komèsyal kote moun ap ogmante tarif pou fè lòt peyi chantaj sou planèt la, se yon bagay ki kontrè ak tandans tan nap viv la. Lachinn pa pral bat ba devan menas ak chantaj, ni nou pa pral chanje detèminasyon pou nou sovgade mondyalizasyon ak sistèm komès multilateral-la. Peken pral travay ak divès lòt nasyon, yon fason pou konbatt pwoteksyonism e unilateralism demode e alanvè sa a. Nou pral mentni yon sikonstans komès global ki stab moun ka prevwa."

Pandanstan, Lachin menase pou l pran mezi reprezay kont Etazini, si administrasyon Prezidan Donald Trump la enpoze ogmantasyon tarif sou li demen vandredi a vrèman vre.