Etazini-Imigrasyon: Komisè Ladwann ak Pwoteksyon Fwontyè yo Di li Pa an Mezi pou Aplike Politik Zewo Tolerans Prezidan Trump la

Komisè Ladwann ak Pwoteksyon Fwontyè Etazini Kevin McAleenan ap Pale ak Jounalis Lendi 25 Jen, 2018. AP/David J.Phillip.

Isit Ozetazuni, komisè Ladwann ak pwotweksyon fwontyè Kevin McAleenan admèt yè lendi a otorite imigrasyon yo pa an mezu kounye a pou mete an aplikasyon politik zero-tolerans administrasyon prezidan Donald Trump la, kote yo mete nan detansyon tout moun ki antre ilegalman sou teritwa ameriken an. Difikilte sa a entèvni nan moman responsab federal ap eseye devlope yon sistèm pou trennen fanmi san papye yo devan la jistis san separasyon ak pitit yo. Semèn pase a, prezidan Trump te siyen yon dekrè ki mentni zero tolerans la men san separasyon paran ak timoun yo. Arete prezidansyèl la lage anpil ajans federal nan kouri pou jwenn kote pou loje migran yo pral juje yo. Bò kote pa'l, sekretè defans ameriken an, Jim Mattis, di lame amerikèn ap pare pou kenbe ilegal sa yo nan baz militè, e 2 ladan enstalasyon sa yo nan eta Tegzas.

" Mwen pa kapab detay spesifik sou fason yo pral itilize baz yo. Nou pare pou'n bay depatman sekirite teritoryal Etazuni-an nenpòt ki asistans li ta bezwen, dekwa pou ebèje moun ki anba kontwòl yo-a. Nou pral travay sou sa chak semèn. Kantite migran ilegal yo anpil. Nou pral aplike fleksibilite nan lojistik nou yo pou nou kapab ede depatman sekirite teritoryal-la".

Yè lendi a, prezidan Trump te defye dwa migran yo genyen pou yo pase devan yon juj, kote li mande pou yo depòte moun kap antre san paye nan Ozetazuni san yo pa pase nan tribinal.