Prezidan ameriken an, Donald Trump, ap "anvizaje seryezman" pou l jwenn 2 antant separe : youn ak Kanada e lòt la ak Meksik .. olye pou li ta re-siyen ak 2 vwazen sa yo yon Akò Lib Echanj Nò-Ameriken-an (tip ALENA ou NAFTA) ki la depi 2 dizèn lane. Laprès baze nouvèl sa a sou deklarasyon yon konseye ekonomik La Mezon Blanch fè madi 5 jen 2018 la.
Enfòmasyon an parèt tou kek jou sèlman anvan lidè 3 peyi yo (Premye Minis Justin Trudeau (KANADA), Prezidan Donald Trump (Lezetazini) ak prezidan Enrique Penia Nieto (Meksik) fè yon somè sou dosye a nan Kebèk o Kanada.
Your browser doesn’t support HTML5
Tankou n pral tande sa nan yon repòtaj Lyonel Desmarattes, Premye Minis Trudeau pa kontan ditou ak ogmantasyon taks Prezidan Trump te anonse sa pa gen lontan sou aliminyòm ak asye k ap sòti o Kanada; paske, daprè Misye Trudeau, yon aksyon konsa pa tonbe daplon ditou ak sa k di nan ALENA a. Sèl konsekans sa ka genyen, se jete zizani ant 2 patnè komèsyal tradisyonèl.