Libète Laprès Anba Atak Politisyen Popilis yo, daprè Repòtè San Fwontyè

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Rapò 2018 Repòtè San Fwontyè (RSF) sou libète laprès nan lemond

Repòtè San Fwontyè ak Freedom House, 2 òganizazyon entènasyonal k ap defann libète lapawòl, fè konnen, nan apò anyèl yo ki parèt mèkredi 25 avril 2018 la, atak politisyen popilis k ap ogmante kont tout fòm medya nan lemond poze yon menas pou pi gwo demokrasi yo.

Nan rapò 2 òganizasyon yo pibliye chak ne sou Eta Libète Laprès a travè lemond, se pa ti kritike yo pa kritike lidè oksidantal popilis yo poutèt yo pa sispann jete vèni sou laprès, vilipande jounalis epi menase pou yo enpoze sanksyon sou medya yo.

Prezidan ameriken an, Donald Trump, resewva kèk kritik sevè nan men ni Repòtè San Fwontyè ni Freedom House. Nan rapò premye òganizasyon an li di li konsidre Misye Trump kòm "Yon fanatik ki jwenn yon veritab plezi nan fè diskou ki malmennen laprès", tandiske Freedom House ekri pou l di le fèt ke Prezidan Trump dekrare li konsidere laprès kòm "yon ennmi pèp ameriken an", mete sou jouman li vide sou jounalis ak òganizasyon laprès yo, se yon bagay ki "minen konfyans piblik la nan yon jounalism ki baze sou lè fè, sou laverite etabli." La Mezon Blanch pa prese reponn kritik sa yo.

Evalyasyon libète laprès RSF pibliye nan rapò anyèl li a pran an konsiderasyon sitiyasyon an nan180 peyi e klasman an sòti nan No. 1 pou l rive nan No 180; se yon klasman kote peyi ki okipe plas No. 1 an se peyi kote sitwayen yo jwi pi gwo libète dekspresyon an, tandiske No. 180 an se peyi kote otorite yo mete baboukèt ki pi malouk la sou egzèsis libète lapawòl.

Nan rapò ane 2018 la, La Nòvèj vòlè premye plas la nan men La Fenland ki te okipe li ane pase; tandiske, menm jan pou 2017 la, se Kore di Nò ki vini nan ke kamyonèt.