Kouz-Zam nan yon Lise nan Eta Florid Vandredi 20 Avrill la. Bilan: Yon Elèv Blese

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Elèv kap bay akolad nan lokal Premyè Egliz Batis vil Ocala pandan papa yo ak manman yo t ap vin chache yo aprè yon ensidan kote yon elèv te tire nan Lise Forest, ki tou prè legliz la nan dat 20 avril 2018).

Nan Eta Florid, pati sidès Lèzetazini, yon elèv lekòl ouvè kout-zam sou yon kondisip li e li blese li. Sa rive nan yon jounen kote plizyè milye elèv a-travè peyi a kite klas yo e yo pran lari pou yo make preske 20èm anivèsè yon fiziyad ki te fè anpil mò nan yon lekòl.

Fiizyad ki rive vandredi 20 avril 2018 la dewoule nan Lise Forest, nan vil Ocala, nan Florid; chèf polis Awondisman Marion fè konnen otorite yo mete men sou sipèk la.

Mouvman pwotestasyon elèv ameriken yo òganize nan jounen vandredi 20 avril la gen nan tèt li elèv Lise Majory Stoneman Douglass nan vil Parkland, Eta Florid, toupre Miami, kote 17 moun (elèv ak manm kò pwofesoral la) te mouri anba bal yon ansyen elèv lekòl la nan dat 14 fevriye pase a.

Elèv Lise Marjory Stoneman Douglass Parkland, nan Florid, te mete ak plizyè santèn moun pou yon mach ki mennen yo sou gazon ki sou pati lwès Kongrè a pou yo denonse vyolans nan lekòl yo. (Foto: Washington, 20 april 2018).

Nan zòn metwopoliten Washington D.C., elèv yo ap ransanble devan La Mezon Blanch kote yo pral kòmanse yon mach k ap mennen yo devan lokal Kongrè a. Objektif yo se mande depite yo ak senatè yo pran aksyon konkrè pou yo mete plis kontwòl sou zam k ap sikile nan peyi a.

Elèv Washington yo pote-kole ak elèv plis pase 2 mil 600 lise Ozetazini ak lòt enstitisyon nan peyi a ki sòti kite klas yo; yo gen rad jonn-abriko sou yo, yon koulè ki senbolize Mouvman pou Kontwòl Zam nan.

Mach elèv ameriken yo ògnanize vandredi 20 avril la se pou make preske 20èm anivèsè yon masak ki te fèt nan dat 20 avril 1999 nan Lise Columbine, Eta Colorado (pati lwès USA) kote 2 elèv te atake lekòl la ak gwo zam-a-fe. Bilan: 12 elèv ak yon pwofesè te mouri. 2 atakan yo te touye tèt yo.