Ayiti: Otorite yo Poko Ka Fè Limyè sou Disparisyon Jounalis Vladimyr Legagneur

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Your browser doesn’t support HTML5

Lapolis poko ka bay okenn enfòmasyon sou disparisyon jounalis fotograf Vladimyr Legagneur. Nouvèl kap sikile nan laprès ann Ayiti fè konnen otorite yo te fè yon desan-delye nan zòn Gran Ravin, yon banlye "Non Dwa" nan Pòtoprens, e pou le moman yo gen zosman yon kadav nan men yo ke yap analize pou konnen si wi ou non se kadav jounalis la ki disparèt depi 14 mas 2018 pase a pandan li te al kouvri yon repòtaj.

Gran Ravin, yon katye popilè ki lokalize nan zòn Matisan, repite kòm katye jeneral yon seri gwoup gan rival ki ame jouk nan dan e ki toujoun nan lese frape, yon sitiyasyon ki konn lakoz viktim menm nan mitan popilasyon sivil kap viv nan zòn nan. Sa pa gen lontan, nan yon afwontman ak gwoup gan nan zòn Gran Ravin, 3 polisye UDMO, yon inite espesyalize polis la te pèdi lavi yo anba bal. Yo te konte plizyè viktim nan kan bandi yo tou.

Lòt nouvèl fè kwè lè bandi yo tire moun nan zòn Gran Ravin nan yo tou antere li, yon sitiyasyon ki kapab rann ni pi difisil pou otorite yo mennen bon jan ankèt nan ka disparisyon.