Kongrè Lèzetazini an Aprouve yon Don 10 Milyon Dola pou Konbat Kolera ann Ayiti

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Lokal Kongrè Lèzetaini an

Nòt de Près Chanm Depite Lèzetazini an sou yon Don 10 Milyon dola pandan Ane Fiskal 2018 la, pou Ede Ayiti Konbat Kolera. Sou kòb sa a, Chanm Depite a mande ajoute 22 milyon dola nan lajan fòs mentyen lapè Oganizasyon Nasyon Zini ki pa depanse pandan ane fiskal 2018 la.

---------------------------------------------------------------------------------

KONGRE LEZETAZINI

Washington DC.- 16 Mas 2018.

Nan Klima politik aktyèl la: Demokrat ak Repibliken pa antann yo sou anpil bagay; men, nan yon antant ant 2 pati yo moun pa wè souvan, Chanm Depite a apwouve yon pakè asistans ki rejte anpil nan rediksyon malouk La Mezon Blanch te fè nan bidjè fedrral la. Lejislasyon sou nouvo bibjè a, ke Prezidan Donald Trump siyen anvan palmantè yo te ale an vakans, genyen ladan n 10 milyon dola pou ede Ayiti konbat kolera.

An 2010, fòs mentyen-lapè Oganizasyon Nasyon Zini yo te kontamine pi gwo flèv ki genyen nan Ayiti a, sa ki te debouche sou eklatman yon epidemi kolera kit e enfekte plizyè santèn milye sitwayen ayisyen e ki te touye preske 10 mil moun. Sa te lage sou le graba plizyè milye fanmi ki te pèdi premye mwayen yo te genyen pou yo manje, oubyen ki te sibi kèk lòt difikilte ekonomik akòz epidemi an.

Nan lane 2016, l’ONU te tabli yon fon-lajan 400 milyon dola pou fè fas ak kriz la; men jiskaprezan malerezman, fon sa a pa jwenn tout finansman ki nesesè a. An plis de sa, Prezidan Trump –ki te di deklare li konsidere Ayiti ak peyi afriken yo kom “peyi malpwòpte”, yon deklarasyon ki te fè anpil bri nan laprès, ebyen, Prezidan Trump te refize re-distribye 11 milyon dola nan lajan ki te la pou soutni operasyon mentyen lapè l’ONU ann Ayti e ki pat depanse, pou ede efò kap fèt pou redui pwopagasyon maladi a e pote soulajman bay Ayisyen ki te wè lavi yo ak gayn-pen deranje akoz kolera.

Nòt pou laprès la kontinye konsa:

Depite Frederica Wilson, (D-Fla).

“Nan dewoulman sesyon sou alokasyon fon bidjè a, 36 manm Chanm Depite a, ki te gen nan tèt yo, Depite Frederica S. Wilson (FL-24), te voye kèk lèt bay prezidan ak manm wo-plase nan komisyon Afè Etranjè ak Operasyon Entènasyonal nan tou lè 2 chanm yo, pou egzòte yo otorize dekesman 11 milyon 700 mil dola nan bidjè depans ane fiskal 2018 la pou soutni lit kont kolera a. Senatè Eta Vermont la, Patrick Leahy, vis-prezidan Komisyon Alokasyon Sena a, ak depite Eta New York Nita Lowey (NY-17), manm wo plase nan Komisyon Alokasyon Cham Bas la, te travay di e pandan lontan pou yo defann objektif sa a.

Nan on lòt lèt, anpil manm Chanm Depite a te mande pou yo mete nan lwa sou bidjè a e nan dokiman sou bidjè Ane Fiskal 2019 la, yon tèks ki di biddjè sa a ap pral ajoute sou fon Ayiti pral jwenn nan yon sòm 22 milyon dola nan kòb ki te la pou l’ONU e ki pa depanse pandan ane 2018 la.

Depite Frederica Wilson, ki te pran lapawòl sou dosye a, deklare:

“Pou nou ta kite Ayiti -yon peyi ki te gen pou l sibi anba divès kalte dezas natirèl- kontinye redi anba pwa kriz ke lòm kreye , se yon bagay ki tap a la fwa innimen e kontrè ak prensip Ameriken yo. Mwen kontan depase limit lè m wè Demokrat ak Repibliken te kapab mete ansanm pou yo poze aksyon ki kèrèk la. Mwen espere an tout senserite ke lòt peyi va swiv egzanp nou an.”

Depite Maxine Waters (D-Kalif.).

Depite Maxime Waters (CA-43) –ki se ko-prezidan Komisyon sou Afè Karayib nan Chanm Bas la- deklare:

“An tan ke yon moun ki zanmi Ayiti depi lontan, se pa ti desi mwen desi lè m wè kominote entènasyonal la pa rive reponn kòmsadwa pou souni lit kont epidemi kolera a, yon epidemi fòs mentyen lapè l’ONU yo te pote ann Ayiti. Se ak tout fòs tou mwen apiye desizyon pou nou mete nan Lejislasyon sou Bidjè Federal la yon fon lajan pou bloke pwopagasyon ann Ayiti maladi tèrib sa a kap simaye devastasyon nan peyi a.”

Deklarasyon Depite Maxime Waters, ki reprezante 43èm sikonskripsyon Eta Kalifòni an nan Chanm Bas Lèzetazini an.

Nòt pou laprès sa a genyen yon entwodiksyon ki pote siyati 36 Depite ak Senatè ameriken.