Nan yon entèvyou jounalis Lavwadlamerik Jenn Robert Philippe reyalize avèk kòlèg li Edouard Saint-Jean, ki baze nan Santo Dotomingo, kapital Repiblik Dominikèn, yo pale de evolisyon sitiyasyon an nan Pedernales, vil ki nan sidwès Peyi Panyòl e anfas Anse-à-Pitres (Ayiti), kote tansyon an te monte byen wo apre asasina 2 responsab yon bitasyon dominiken, Julio Perez ak patnè li Neyda Urbaez. Rezon-dèt tansyon an se le fèt ke yo akize 2 imigran ayisyen deske se yo ki komèt 2 zak yo; youn nan Ayisyen sa yo rele Edner Noêl ki twouve li nan Komisarya Polis Jakmèl la. Pi lwen nou pibliye transkripsyon kesyon ak repons ki nan entèvyou a. Nou ka tande Jean Robert ak jounalis Saint-Jean nan pati "audio" ki nan fen atik sa a.
K.- Ki nouvèl dènye minit ou ka ban nou sou sitiyasyon an nan Pedernales?
R. Nan moman nap pale la a (maten jounen jedi 13 mas 2018 la), tout bagay kalme nan Pedernales aprè tout entèvansyon otorite an plas yo. Pa bliye, yo te voye 90 sòlda al ranfòse kapasite sòlda ki ki anplas nan zò nan de fason pou evite derapaj, evite agresyon kont Ayisyen yo. Men, kòm ou kapab wè nan laprès, kòm ou kapab wè nan medya yo, malgre yo te voye ranfò sòlda pou kapab kontrekare popilasyon an, moun yo, an fas menas ki te genyen sou yo, yo pran desizyon pou yo kapab antre lakay yo, pou yo kapab retounen ann Ayiti. Se sa k fè ou kapab wè preske tout moun yo (pi fò nan moun yo, majorite moun yo, nou ta kapab di), ki tap viv nan zòn Pedernales, yo pran desizyon pou yo antre ann Ayiti pou evite agresyon kont yo, paske gen yon kominote ki trè agresiv aprè lanmò yon koup dominiken e, dapre sa ki di, sanble se 2 Ayisyen ki komèt krim nan.
Donk, dènye enfòmasyon nou genyen sè ke gen reyinyon ki fèt ant otorite dominkèn yo ak otorite ayisyèn yo; e, daprè sa yo di, Ayiti ta menm pwomèt yo lap eskstrade, lap voye tounen ba yo Ayisyen an ki rele (Edner) Noêl –se youn nan moun ke yo akize kòmkwa se li ki ta komèt krim nan. Mesye sa a aktyèlman nan prizon Jakmèl e sanble otorite ayisyèn yo ta pwomèt otorite dominikèn yo pou yo retounen misye Sen Domeng pou li kapab jije pa la jistis Repiblik Dominikèn.
K.- Eske nou genyen yon rapò ekstradisyon avèk Repiblik Dominikèn?
R. Bon! Daprè sa k ap di bò isi a, pa genyen ni yon akò dekstradisyon, ni yon akò komèsyal. Yo di se lamantab pou jounen jodi a 2 peyi sa yo pat janm siyen yon akò nan sans sa a. Donk, m pa kwè gen yon akò dekstrasisyon antre 2 peyi yo.
K. Gen dè ka kote youn nan peyi yo konn voye yon akize tounen bay lòt la. Pa egzanp, nou te genyen Brandt yo te arete nan Repiblik Dominikèn; yo te retounen l bay Ayiti; e trè sètennman Ayiti konn fè menmman, parèyman tou?
R. Wi. Se yon bagay ki fèt ant otorite 2 peyi yo; men sanble ke kòmsi m ta di w pa gen yon akò ofisyèl ant 2 peyi yo. Se youn nan bagay ke moun, ke medya an Repiblik Dominikèn ap di; malerezman pa gen yon akò ofisyèl ni de komès, ni d’ekstradisyon nan ka sa a.
K. Lavwadlamerik remèsye w, Edouard Saint Jean
R. Pa gen pwoblèm.
Your browser doesn’t support HTML5
======================================
Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik
Washington,D.C., 15 mas 2018.