Politik USA: Rex Tillerson Kite Depatman Deta a - Mike Pompeo, Direktè CIA a, Ranplase li

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Sekretè Deta Rex Tillerson ki tap salye manm pèsonèl Depatman Deta a pou yon dènye fwa aprè li te fin fè yon diskou nan Washington, madi13 mas 2018 la, pou l di yo babay. Prezidan Donald Trump chwazi Direktè C IA a, Mike Pompeo, kòm nouvo Chèf Diplomasi Lèzetazini an.

Revokasyon Sekretè Deta ameriken an, Rex Tillerson, aprè sèlman yon ane nan plas la, pa tèlman etonan; sepandan jan revokasyon an fèt la ak moman Prezidan Trump chwazi pou l anonse la, se yon vrè kou-siprann.

Obsèvatè politik yo atire atansyon sou lefèt ke Prezidan Trump anonse revokasyon Sekretè Deta Tillerson nan kèk èd-tan sèlman apre ansyen chèf diplomasi amerikèn nan te deklare se Larisi ki responsab anpwazonnman yon ansyen espyon ris nan vil Lond, nan La Grann Bretay, tandiske Prezidan Trump pa t janm di yon mou sou kesyon an.

Misye Tillerson ki t ap kite podyòm nan apre li te fin fè diskou kote li di manm pèsonèl Depatman Deta a babay.

Pèsonalite Prezidan Trump chwazi pou ranplase Misye Tillerson nan, se direktè Ajans Santral Ransèyman (CIA), Mike Pompeo. Yon ansyen gwo diplomat ameriken, Tom Countryman –ke Misye Tillerson te revoke- deklare nan mikwo Lavwadlamerik li kwè nouvo Sekretè Deta a konnen anpil bagay sou entèferans Larisi nan pwosesis politik Lèzetazini an. Nan deklaraslyon sa a, Misye Countryman di mo pou mo:

" Mwen espere Pompeo va kapab konvenk Prezidan an pou l non sèlman deklare entèferans sa a se yon pwoblèm, men pouse Prezidan an pou lapremyè fwa pou l fè yon bagay pou l defann demokrasi amerikèn nan kont jan de operasyon sekrè sa yo."

Pou sa ki konsène jisteman nominasyon Mike Pompeo nan plas Rex Tillerson nan, kèk analis politik atire atansyon sou le fèt ke nouvo Chkf diplomasi Lèzetazini an genyen yon fòmasyon militè; e sanble Prezidan Trump travay byen ak wo grade militè yo.