Nan seremoni kloti Je yo ki dewoule dimanch 25 fevriye a nan vil PyeyongChang nan Kore di Sid, prezidan Komite Entènasyonal Olenpik la, Thomas Bach, fè konpliman pou 2 Kore yo poutèt yo te itilize Je Zolenpik yo pou yo ranfòse efò rekonsilasyasyon entè-koreyen an.
Misye Bach di: <<Nou menm, Sid ak Nò-koreyen, nou pataje lafwa nou nan yon avni pasifik antre nou menm, Koreyen, ak tout lòt nasyon nan lemond. Nou rive montre kijan spò kapab rapwoche lèzòm nan yon mond ki tèlman frajil, an palan de mond kote n ap viv jounen jodi a. >>