Elèv, Etidyan ak Pwofesè Mande Fen Vyolans nan Lekòl Ozetazini

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Therese Gachnauer (nan mitan, ki gen 18 tan) se yon elèv Lise Chiles, ak Kwane Gatlin (adwat, ki genyen 19 van) se yon elèv Filo nan Lise Lincoln, nan vil Tallahassee. Yo twouve yo pami elèv ki t ap pwoteste mèkredi 21 fevriye a kont vyolans ak zam-a-fe. Yo te kanpe sou eskalye ki mennen nan lokal Palman Eta Florid la nan Tallahassee.

Plizyè santèn elèv Lise Marjory S. Douglass, nan vil Parkland, sid Eta Florid, rasanble nan kapital Eta a, Tallahassee, mèkredi 21 fevriye 2018 la, pou yo fè presyon pou palmantè yo vote lwa ki pi sevè sou kontwòl zam, yon semèn apre masak ki pi tèrib ki rive nan yon lekòl Ozetazini.
Yon jennonm ame te touye anba kout-zam 17 moun nan Lise Parkland la, sa ki deklanche yon vag pwotestasyon elèv ak etidyan nan Tallahassee ak lòt kote Ozetazini. Pwofesè lekòl ak youn nan depite Eta Florid yo, Sean Shaw, pote kole tou avèk elèv yo sou pelouz palman an.
Sa pa gen lontan palmantè Florid yo te vote sou yon lejislasyon ki te mande deba sou entèdiksyon lavant zam daso nan peyi a. Repibliken yo, ki an majorite, te vote pou bloke pwopozisyon an. Depite Shaw di: "Nou te gen chans pou n fè yon bagay sou sesyon an; men nou pa fè anyen."
Masak Parkland la deklanche tou yon pakèt rasanbleman nan Florid ak lòt Eta pou fòse otorite lokal ak nasyonal yo pran aksyon pou evite repetisyon zak konsa. Nan Jòji manman pitit yo reyini mèkredi nan kapital a, Atlanta, pou yo asiste yon mach ki rele "Manman yo Egzije Aksyon," Yon lòt objektif meeting Atlanta a se preche sans responsablite kay moun ki posede zam yo e non pa mande otorite yo entèdi moun posede oubyen pote zam.