Larisi Rejte Akizasoyn deske Li Te Eseye Enfliyanse Eleksyon Ozetazini

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Prokirè Robert Mueller ki te prepare rezilta ankèt ki montre Larisi te eseye enfliyanse rezilta prezidansyèl 2016 la Ozetazini. (Foto: Achiv).

Lendi 19 fevriye a Kremlen an demanti ke Larisi te chache mele nan eleksyon prezidansyèl ameriken an 2016 la. Pòtpawòl Dmitri Peskov di laprès akizasyon sa a pa chita sou anyen. Misye Peskov pale konsa kèk jou aprè yon pwokirè ameriken te lage akizasyon sa a sou do 13 sitwayen ak 3 antite ris.

Akizasyon an di 13 moun yo ak 3 antite yo "te mennen yon kanpay enfòmasyon" pou yo te deraye eleksyon an epi fè rezilta yo jwe an favè kandida Donald Trump.

Pwokirè ameriken Robert Muller (yon ansyen direktè FBI -Biwo Ankèt Federal la), ki lage akizasyon an sou do Larisi, di responsab zak sa a se konpayi medya sosyal Ajans Rechech Sou Entènèt, ki asosye ak Kremlen an e ki baze nan Sen Petersbourg, pi presizeman 12 anplwaye li ak yon ajan finansye konpayi sa a.

Prezidan Donald Trump (adwat); epi pwokirè Robert Mueller.

Dokiman an -ki gen 37 paj- fè konnen kòmkwa konplotè Larisi yo te eseye kowòdone efò avèk responsab kanpay elektoral Trump la, men li pa akize okenn moun nan ekip elektoral Twump la kòmkwa yo te mele nan konplo ris la.

Sa gen lontan depi Prezidan Trump ap ensiste pou l di responsab konpay li a pa t antre nan okenn konivans avèk Larisi, menm nan moman kote sèvis sekrè ameriken yo e kounyela a Misye Muller jwenn prèv ki ta montre Larisi te pran tèt yon kanpay trè elaji pou l enfliyasne eleksyon yo Ozetazini epi ede Misye Trump ranpòte laviktwa.