Ayiti-Dezas: Mache Hyppolite ou "Mache An Fè" Boule nan Pòtoprens

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA
Nan peyi d Ayiti, dife te pran nan Mache Hyppolite -ke yo rele tou Mache An Fè- nan nuit lendi12 pou leve madi 13 fevriye 2018 la. Anpil machann, ki pèdi tout pwovizyon yo, ap poze kesyon pou mande kisa yo pral fè pou yo viv e voye pitit yo lekòl; paske pwovizyon sa yo se sèl byen yo te posede. Daprè kèk sous, se fatra ki t ap boule tou prè mache a ki pwovoke dife a. Lapolis ouvè yon ankèt pou fè limyè sou ensidan an. Lapolis ouvè yon ankèt pou fè limyè sou ensidan an.