Etazini Politik: Demokrat yo Vle Bay yon Repons pou yon Memo Repibliken yo Pibliye sou Eleksyon 2016 la.

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Memo sekrè Repibliken yo sou ankèt FBI ap mennen sou enjerans Larisi nan eleksyon 2016 la, layite sou ekran òdinatè yon jounalis nan Washington DC, nan jounen 2 fevriye 2018 la. (FOTO: AFP PHOTO / Eric BARADAT).

Ozetazini, manm Demokrat Kongrè a ap fè presyon, nan jounen lendi 5 fevriye a, pou yo pibliye yon memo yo ekri kòm repons pou yon dokiman Repibliken yo te apiye e pibliye, kote yo pale de swadizan abi-d-pouvwa FBI ta komèt nan ankèt ajans sa a t ap mennen sou enjerans Larisi nan eleksyon prezidansyèl novanm 2016 la.
Minorite Demokrat la nan Komisyon Sèvis Sekrè Chanm dè Reprezantan an mande yon vòt sou kesyon an, sa ki ta ouvè chemen an pou piblikasyon opinyon pa yo sou enfòmasyon top-sekrè Repibliken yo te itilize nan yon memo 4 paj ke yo te pibliye semèn pase a. Sepandan Demokrat yo gen pou yo reponn kesyon pou konnen èske memo pa yo pa pral ekspoze teknik ajans sekrè Lèzetazini yo itilize nan operasyon yo lanse pou yo ranmase enfòmasyon
sekrè.

Prezidan Komisyon Sevis Skerè Chanm Depite a, Devin Nunes, ki te prepare memo Repibliken yo sou swadizan enjerans Larisi nan eleksyon prezidansyèl 2016 la.

Prezidan Donald Trump, li-menm tou, t ap genyen pou l pase an revi sa k di nan memo Demokrat yo, si yo pibliye li, pou l wè si li pa revele enfòmasyon sekrè. Misye Trump pretann ke memo Repibliken yo --ki se travay prezidan Komisyon Sèvis Sekrè Sena a, Devin Nunes, ak kèk lòt palmantè-- vin lave non li totalman kont akizasyon kòmkwa li ta mele nan swadizan enjerans Larisi nan eleksoyn prezidansyèl 2016 la, enjerans ki nan mitan yon ankèt kap kontinye; ankèt la ap fèt tou sou kesyon pou konnen èske prezidanTrump te eseye bloke travay lajistis yon fason pou l te anpeche anketè yo ale twò lwen ak envestigasyon an