Aksidan Tren nan Eta Vijini, Ozetazini, avèk Yon Gwoup Palmantè Repibliken

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Yon foto sou sèn aksidan an. Se Depite Greg Walden, reprezantan Eta Oregon nan Chanm Bas la, ki pibliye foto sa a sou kont twitter li mèkredi 31 janvye 2018 la.

Ozetazini, yon tren ki tap transpòte plizyè palmantè repibliken, enplike nan yon aksidan kote li al fè kolizyon ak yon kamyon ki ranmase fatra nan pati sidwès Eta Vijini. Sa rive mèkredi 31 janvye 2018 la pandan palmantè yo t ap sòti nan vil Washington DC, pou yo ale nan yon retrèt.

Aksidan Tren ki t ap transpòte palmantè repibliken yo nan Eta Viniji (Foto: Mèkredi 31 janvye 2018).

La Mezon Blanch pibliye yon deklarasyon kote li fè konnen okenn nan manm kongrè pa blese grav –ni okenn nan anplwaye biwo yo ki te akonpaye yo. Sepandan gen yon moun ki mouri tandiske yon lòt blese grav. Daprè nouvèl laprès bay, moun ki mouri a te nan kamyon fatra a.
Deklarasyon an ajoute: "Prezidan an resevwa yon kont-randi sou sitiyasyon an nan Vijini e l ap resevwa tout dènye nouvèl yo regilyèman. Otorite wo-plase yo rete an kontak avèk konpayi tren an (AMTRAK) e avèk ofisyèl yo nan Eta Vijini ak lokaltie kote aksidan an rive a. Panse nou ak priyè nou avèk tout moun ki sibi move konsekans aksidan sa a.”