Ozetazini, manm demokrat Sena a lanse avètisman pou yo di “yon operasyon Larisi te mennen pou minen demokrasi ammerikèn nan te ale pi lwen lontan pase eleksyon amerikèn yo” e yo akize prezidan Donald Trump deske li pa vle konfwonte menas ki mache ak yon aksyon konsa.
Pi gwo Lidè demokrat nan komisyon afè etranjè Sena a, Ben Cardin, ki reprezante Eta Maryland nan Gran Kò a, deklare: “Nou pa t janm wè anvan sa yon prezidan ameriken ki te fèmen je l sou yon menas grav konsa e ki mete sekirite nasyonal Etazini an danje. Toutotan Prezidan an pa pase alaksyon, Larisi pral chache fè enjerans ankò nan eleksyon prezidansyèl 2020 yo.”.
Senatè Cardin pibliye yon rapò manm staff blòk demokrat la nan Sena a te prepare, kote yo akize Moskou deske lap prepare yon atak manch long sou demokrasi ni lakay li, ni nan peyi etranje, e yo lanse yon apèl pou yo mande Lèzetazini prepare yon kont-strateji ki dwe kòmanse avèk lidèchip prezidan ameriken an.