APUI GOUVENMAN TRUMP LA POU PEP IRANYEN AN

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Prezidan Donald Trump

Prezidan Donald Trump, ki t ap pale mèkredi, pwomèt Lèzetazini pral ofri pèp iranyen an plis asistans nan moman laprès rapòte plizyè dizèn milye patizan gouvènman iranyen an pran lari nan tout peyi a pou yo montre apui yo pou Leta aprè plizyè jou manifestasyon anti-gouvènmantal.

Anbasadris amerikèn nan nan Nasyon Zini, Nikki Haley, ki tap pale ak laprès nan dat 2 jan. 2018, nan katye jeneral l'ONU an nan New York. Li pote menm mesaj ak Prezidan Trump: "Lèzetazini apiye pèp iranyen an."

Prezidan Trump pibliye sou Twitter yon nòt kote li di, "Nap montre respè nou pou pèp iranyen an pandan l ap eseye repran gouvènman kowonpi li a an men. Lè moman an va rive moun pral wè Lèzetazini ap pote gwo apui bay Iranyen yo." Moun pa konnen de ki tip apui Misye Trump ap pale.

MANIFESTASYON PWO-GOUVENMANTAL NAN VIL SENT QOM AK LOT VIL

Manifestasyon pwo-gouvènmantal nan jounen mèkredi 3 janvye 2018 la nan vil sent Qom sou yon distans 130 kilomèt so-sid Teyeran.

Pandansetan, televizyon Leta nan Iran difize video ki montre plizyè foul moun ak drapo nasyonal la nan men yo e k ap chante slogan an favè Lidè Siprèm nan, Ayatollah Ali Khamenei. Nan vil Qom, Ahvaz, Kermanshah ak lòt kote slogan yo di: "Chè lidè, nou pare", "Aba moun kap chofe tèt pèp la."