Mesaj Spesyal Sekretè Deta Rex Tillerson nan Okazyon Anivèsè Endepandans d Ayiti Premye Janvye 2018 la

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Sekretè Deta ameriken an, Rex Tillerson.

Mesaj Sekretè Deta ameriken an, Rex Tillerson, nan okazyon 214èm anivèsè endepandans peyi d Ayiti:

<< Deklarasyon pou Laprès

Rex W. Tillerson

Sekretè Deta

Washington, DC

29 Desanm 2017

Nan non gouvènman ameriken an, mwen prezante meyè ve mwen bay pèp ayisyen an nan moman nap selebre 214èm anivèsè endepandans d Ayiti.

Lèzetazini ak Ayiti pataje yon long istwa relasyon etwat, e avni nou genyen yon rapò kipi sere toujou gras ak preske yon milyon Ayisyen-Ameriken ki ofri kontribisyon yo pou ni pwosperite Lèzetazini ni kwasans ekonomik Ayiti.

Nou rekonèt gwo kokenn pa annavan Ayiti reyalize pandan ane pase a. Envestiti Prezidan Jovenel Moise nan mwa fevriye a, plis travay Ayiti ap fè pou l stabilize sistèm elektoral li a pou lavni, tou sa ka sèvi pou montre Ayiti toujou rete angaje vizavi demokrasi, dwamoun, ak etadedwa. Nou remake tou pwogrè enpòtan ki fèt nan domèn sekirite a, e nou fè Ayiti konpliman pou efò li fè poulo devlope esktè agrikòl la.

An tan ke yon zanmi e yon patnè de long dat, Lèzetazini rete ak angajman pou l apiye Ayiti pandan peyi a ap fè efò pou l ogmante kwasans ekonomik ak envestisman li, sa ki ka pèmèt li reyalize potansyèl li yon fason total-kapital. >>

===============================================

Nòt Pwogramasyon Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik la:

Nan okazyon 214èm anivèsè pwoklamasyon endepandans peyi d Ayiti a lendi premye janvye 2018 la, Sèvis Kreyòl Lvwadlamerik la ap prezante yon pwogram espesyal a 7:30 AM epi 12:30 PM. Tit la se:

<< Omaj pou Ayiti - Omaj pou Zansèt Ayisyen yo >>

Envite nou se: Edikatris Odette ROY-FOMBRUN,

Doktè, jounalis e istoryen Georges MICHEL …

Anbasadè Raymond A JOSEPH

Pwofesè Frantz-Antoine LECONTE (PhD)

Jounalis Jean-Romel PIERRE.

Animasyon : Marie-Luce PIERRE ak Lyonel D. DESMARATTES.