Patisipasyon Prezidan Jovenel Moise nan Somè Pari sou Finansman Lit kont Rechofman Global la

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Prezidan Jovenel Moise ak kòlèg fransè l la, Emmanuel Macron, nan vil Pari, Frans, kote yo rankontre lendi 11 desanm 2017 la.

Prezidan ayisyen an, Jovenel Moise, ki te pran lapawòl nan somè sou Finansman Plan Proteksyon Planèt la nan vi Pari, an Frans (tèm nan se "Yon Sèl Planèt"), plede pou responsab pwogram sa a konsidere rejyon karayib la globalman lè yap ede peyi yo konbat rechojman global la. Se konsa Misye Moise swete pou èd entènasyonal la, nan domèn sa a kòm nan lòt yo, pase pa gouvènman yo, paske se yo ki konnen kote nesesite yo ye, kote priyorite yo ye.

Pou sa ki gen rapò ak sezon siklonik la, lidè ayisyen an di preparasyon yo ta dwe kòmanse depi nan mwa desanm nan, paske dezas natirèl sa yo pap tann pèsonn. Li regrèt le fèt ke pwogram asirans ki ann aplikasyon nan rejyon karayib la -an tou ka nan peyi d Ayiti- se yon sistèm ki pa apwopriye ou ki mande chanjman; paske, pa egzanp, alòske Siklòn Matthew te fè dega ann Ayiti pou plis pase 3 milya dola, kanpansasyon asirans la sete anviwon 20 milyon dola sèlman.

Your browser doesn’t support HTML5

Deklarasyonn Prezidan Jovenel Moise nan Somè Pari sou Finansman Lit Mondyal kont Rechofman Planèt la (madi 12 desanm 2017).

Klike sou lyen anlè a pou nou tande deklarasyon prezidan Moise devan delege kap patisipe nan somè Pari sou finansman plan lit kont rechofman planèt la.