Prezidan Trump kapab Nonmen Direktè CIA a, Mike Pompeo, pou Ranplase Sekretè Deta Rex Tillerson

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Eske Sekretè Deta Rex Tillerson sou wout pou l kite gouvènman Trump la?

Prezidan ameriken an, Donald Trump, byen kapab nonmen Mike Pompeo, aktyèl direktè Sèvis Ransèyman Lèzetazini an (CIA), pou ranplase Rex Tillerson kòm Sekretè Deta ou minis afè etranjè. Misye Trump kapab fè nominasyon sa a nan 2 zou 3 semèn k ap vini la yo, daprè otorite wo-plase nan administrasyon an ke laprès site nan jounen jedi 30 novanm 2017 la.

Anpil ajans nouvèl ak rezo enfòmasyon fè konnen sa gen lontan deja depi otorite yo ap anvizaje fè yon remaniman nan wo nivo sektè sekirite nasyonal la, menmsi li poko parèt klè si Prezidan Trump deja pran yon desizyon.

Nan yon echanj kesyon-repons tou kout lidè ameriken an te genyen avèk laprès, lè jounalis yo te mande l kisa ki pral rive Misye Tillerson, li deklare tou senpleman: “Misye la; Rex la”, san li pat fè plis kòmantè.

La Mezon Blanch di li pa atache twòp enpòtans nan nouvèl kap pale de posiblite pou Misye Tillerson kite pòs li anvan lontan. Se konsa, pa egzanp, pòtpawòl Mezon Blanch la, Sarah Huckabee-Sanders deklare:

Sara Huckabee-Sanders, pòtpawòl La Mezon Blanch.

“Jan Prezidan an fèk di sa a, Rex la. Pa gen okenn anons sou chanjman nan pèsonèl la pou lemoman. Minis Tillerson kontinye dirije Depatman Deta a e tout kabinè ministeryèl la ap fikse atansyon li sou efò kap fèt pou n konplete premye ane plen siksè administrasyon Trump la.”

An tou ka, nouvèl yo fè konnen, daprè yon plan La Mezon Blanch ap anvizaje, senatè repibliken Eta Arkansò, Tom Cotton, yon gwo alye Prezidan Trump nan domèn sekirite nasyonal la, byen plase pou l ranplase Mike Pompeo kòm direktè CIA.