305 Moun o Tatal Pèdi Lavi yo nan Atak sou Moske nan Prèskil Sinayi a ann Ejip

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Moun ki blese yo yap evakye sou sèn kote atak la fèt sou moske Bir al-Abd a ki twouve li o nò peyi Ejipt.

Responsab sekirite ejipsyèn yo, media leta a site -- fè konnen chif la ogmante nan sa ki gen a wè ak kantite viktim yo nan atak sou moske Sinayi a ann Ejipt. 305 fidèl mouri nan atak motèl sila a kote yo idantifye sispèk yo kòm militan teworis.

Ajans nouvel gouvenman ejipsyen an, MENA rapòte otorite yo di ekstremis yo te sible Moske Al-Rawdah ki nan vilaj Bir-Al Abed ki nan pati lwès kapital provensyal la, El-Arish.

Yon neg ki fe konprann li te andedan moske a lè atak la tap dewoule a di media arab yo, "Militan ki tap kondi machinn tou teren te louvri kout zam andedan moske a tou swit apre yon eksplozyon bonm."

Temwen an fè konnen militan yo te louvri kout zam sou anbilans ak sekouris ki tap eseye mennen blese yo lopital.