Seremoni Kloti Fen Misyon l ONU an, MINUSTAH ann Ayiti; Reyaksyon Senatè Youti Latortue

Your browser doesn’t support HTML5

Misyon Nasyon Zini ann Ayiti, MINUSTAH, ap kite peyi a 15 oktòb 2017 pou pi tan; an menm tan tou, Reprezantan Sekretè l ONU an, Sandra Honoré, nan yon seremoni kloti fen misyon an, anonse miz an plas yon nouvèl misyon, MINUJUSTH, ki pral yon sipò pou lapolis nasyonal la ak sistèm jistis la ann Ayiti. Senatè Youri Latortue ki tap reponn kesyon Lavwadlamerik nan mikwo Jean Pierre Leroy, di MINUSTAH te dwe kite peyi a depi lontan deja, e egzòte tout ayisyen travay nan enterè sekirite peyi a paske nou se yon pèp endepandan. Klike sou videyo a pou plis detay.