Peken Reyaji sou Deklarasyon Washignton Fè pou li Sipan Rapò Komèsyal ak yon Peyi Kap Fè Bizinis ak Kore di Nò

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Kamyo machandiz kap travèse pon ki separe Kore di Nò ak Lachin.

Lachin atake Prezidan ameriken an, Donald Trump, poutèt li menase pou l fè Lèzetazini koupe tout echanj komèsyal ak yon peyi kap fè biznis avek Kore di Nò apre tès nikleyè peyi sa a fèk reyalize a.

Otorite chiwna yo di menas sa a mete an danje avni yon bèl rapò komèsyal ant Peken ak Washington. Potpawol Ministè Afè Etanjè a nan Peken, Geng Chuang, di otorite chinwa yo konsidere yon menas konsa kòm yon bagay ki innakseptab.