Etazini-Kalifòni: Plizyè Milye Kont-Manifestan Pran Lari pou Denonse Gwoup Ekstrèm-Dwat la

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Kalifòn: Manifestan Pran Lari pou Denonse Gwoup Ekstrèm-Dwat la.nan dimanch

Plizyè milye kont-manifestan pran lari nan San Francisco Bay, Kalifòni pandan wikenn nan pou denonse gwoup ekstrèm-dwat la ki te anonse yon rali patriyotik pou samdi ak dimanch.

Gwoup la pat rive fè mach la yo te planifye a. Sepandan, nan samdi plizye kont-manifestan te pran lari nan Berkeley ak nan dimanch nan San Francisco pou pwoteste kont ideoloji gwoup ekstrèm-dwat la yo di ki baze sou rasis, sipremasis blan, diskriminasyon ak rayiman kont lòt ras.

An mèmtan tou, Majistra San Francisco a, Ed Lee, kriye viktwa sou gwoup ekstrèm-dwat la li di ki tap vin simen la hèn nan Kalifòni.

Lapolis te gentan kanpe soubrenzeng li pou deblozay Charlottesville, la an Virjini pat vin repete nan Kalifòni. Toutfwa, alatèt gwoup ekstrèm-dwat la, Joey Gibson, fè konnen yo pat kanpe sou kreye latoublay men yo te gen dout ke otorite yo ta pral garanti sekirite patizan yo li di ki te kòmanse resevwa menas sou medya sosyo yo lè yo te fin anonse mach la.