Prezidan Sid-Koreyen an Reyaji Avèk Tanperans Devan Gwo Tansyon Ant Etazini ak Kore di Nò

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Prezidan Sid- Koreyen an , Moon Jae-in ak Prezidan Ameriken an, Donald Trump. 30 jen 2017.

Nan Kore du Sud, Prezidan Moon-Jae-In reyaji avek tanperans devan ogmantasyon tansyon an nan rejyon an, nan moman obsèvatè yo ap pale de menas nikleyè Kore di Nò a ki pa sispann ranfòse sitou devan reyaksyon Prezidan ameriken an, Donald Trump, ki pwomèt yon repons militè ki ta kapab toupizi Kore di Nò.

Lame Popilè Kore di Nò a, pibliye, kèk plan pi detaye pou lanse misil balistik nan zòn kote zile Gwam sitiye nan Oseyan Pasifik la. Dapre ajans nouvel ofisyel No-Koyeen an, KCNA, misil sa yo pral tonbe sou yon distans 30 a 40 kilomèt ak Gwam, ki se yon tèritwa ameriken.