Etazini Mete 2 Diplomat Kiben Deyò sou Teritwa li nan Mwa Me Pase a

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Yon manm Gad Donè Kiben an ki kanpe tou pre yon nouvo plak ki sou mi Nouvo Anbasad Kiba a nan Washington. 20 jiyè 2015.

Depatman deta ameriken fè konnen li mete deyò 2 diplomat kiben nan Etazini nan mwa me pase a, apre sitwayen ameriken te fin sibi kèk malèz fizik akoz sèten ensidan ki rive nan anbasad Lèzetazini an nan Kiba.

Pòtpawòl Depatman Deta ameriken an, Heather Nauert, di mèkredi 9 out 2017 la, " Nou poko genyen yon repons definitif konsènan koz sa nou konsidere kòm ensidan ki pase dyòl, men nou pran ensidan yo oserye e nou ouvè yon ankèt sou kesyon an."