Yon Elikoptè Ameriken Fè yon Aterisaj Fòse nan Achin, Peyi Afaganistan

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Yon sòlda nan 2è inite batayon 27è Rejiman Enfantri lame Etazini ki baze nan Hawaii kap obsève yon elikonptè lame a kap vole nan kad yon ekzèsis.

Yon elikoptè Blanck Hawk UH-60 ameriken te gen pwoblèm mekanik ki lakoz li te fè yon aterisaj fòse toupre Achin, nan pwovens Nangarhar nan peyi Afganistan bonè maten an ,adi 1e out 2017 la, dapre sa yon pòtpawòl misyon Sipò l OTAN an fè konnen.

Pèsonèl sovtaj te al sove manm ekipaj yo. 2 nan yo te sibi blesi lejè e yap resevwa tretman nan yon lopital ki sou direksyon koalisyon ann Afaganistan.